Konekte??

Konekte??

社交网络平台

Yon fason pou tout Ayisyen rete KONEKTE pou yo ka benefisye tout resous ak opòtinite ki disponib nan peyi Etazini.

关于我们

Yon fason pou tout Ayisyen rete KONEKTE pou yo ka benefisye tout resous ak opòtinite ki disponib nan peyi Etazini e toupatou nan mond lan.

所属行业
社交网络平台
规模
1 人
总部
New York
类型
教育机构
创立
2023

地点

动态

  • 查看Konekte??的公司主页,图片

    4,366 位关注者

    Ann fè konesans ak Speakers nap genyen pou edisyon Konekte sa vandredi kap gen pou anime diferan atelye yo kap sou: ??imigrasyon ??lekòl ??karyè ??travay/ ??benefis sosyal etcc. Vini poze kesyon, vini kontre ak moun ki nan domènn ou an kap ka ede w. Vini fè rezotaj?? Prensip lan senp: Pa izole tèt ou??? Si w vle patisipe, pa gen anpil plas ki rete. Ranpli fòm lan sou lyen sa?????? https://lnkd.in/gUXajJ2B ??Si w vle kontakte nou, ekri nou sou imèl sa: [email protected] #ferezotaj #reyenvante2024 #konekte

    • 该图片无替代文字
  • 查看Konekte??的公司主页,图片

    4,366 位关注者

    ??Si w vini nan Pwogram Biden lan, oswa ou te la deja. Ou pat gen fini lekòl segondè, tankou ou potko pase reto ak filo epi w vle kontinye ale lekòl isi. Ou pa bezwen enkyetew, gen opsyon pou sa e ki pap few rekòmanse a zero. ??Gen yon test ki rele GED(General Education Diploma) ki se yon test lew pranl, otomatikman li tou baw yon degre high school ( sa nou rele reto/filo) ??Test sa baze sou 4 matyè: Art - Matematik - Syans Sosyal - e syans. Pou kek eta tankou New Jersey, chak matyè sa yo peye 36$, ou ka pranl anlinn oswa an pèsònn (nan kèk libreri oswa nan Community College yo). E ou dwe pase chak a 145 pwen. ??Pou w ka pran klas la oswa pran test la, oswa konnen ki kote lap disponib. 1- Ale sou website sa : www.GED.com 2-Klike sou Sign up for your free account (Kreye yon kont gratis) 3- Wap gen aksè a tout klas yo, kèk modèl ezamen yo bay. 4-Lew pare pou pran test la, ou ka klike sou : Take the test. ??Nb:Pou yon premye fwa, map konseye pran li an pèsònn paske an linn konn yon jan konplike pa rapò a kèk pwoblèm teknik sitou. ??Poukisa li enpòtan pou fè yon test GED lè w vini isi epi w pat fini lekòl ou? Oswa w pat pase nan reto oswa filo? Sa ap ede w jwenn yon pi bon travay ak pi bon salè,; pifò travay mande w yon high school Diploma ki se ekivalans Test GED a. Lap ede w aplike byen fasil nan yon College siw ta vle kontinye lekòl ou, oswa ale nan yon lekòl teknik. ??Ou gen yon kesyon? Poze l nan kòmantè?????? #ribrikpataj #PwogramBiden #reyenvante2024

    • 该图片无替代文字
  • 查看Konekte??的公司主页,图片

    4,366 位关注者

    ??Top Etid kap pran w #2zan sèlman oswa #mwens siw nan domènn medikal kap edew fè plis lajan, siw pa deside al apran CNA. ??Surgical Technician Yo asiste Doktè a nan sal operasyon an, yo la nan chanm lan pou ede ak ekipman. ??Salè an varye depan de state wap viv la. Pou NJ , moun sa yo ant 76mil a plis ke 100mil dola pa ane. ??Dentist Assistant Yo travay nan Dentist office, e yo la pou asiste Doktè ak ekipman yo. Yo fè preliminè yo pou pasyan an. ??Salè an varye de 40mil a 60mil dola depan de state la. ?? Emergency Dispatch Ou asiste lè yon moun rele 911 pou yon ka lopital. Job yo se asire yo kalme sitiyasyon an jiskaske yo voye yon anbilans pou ou nan zònn kote ou ye a. ??Salè an varye de 53000 a 70000$ depan state ou ye a. ??Paramedic Se moun ki la pou deplase ak polis oswa anbilans a chak fwa gen yon emergency. Yo resevwa training pou bay premye swen annatandan yo rive lopital ak pasyan an. ??Salè an varye ant 46mil a 55mil dola depan de state wap viv la ??Emergency Medical Technician Moun sa yo preske fè menm bagay ak Paramedics la. Yo nan machin emergency an ak chofè a, lè yo rive lakay ou pou yon emergency, anvan menm yo transpòte w lopital. Yo baw premye swen. ??Salè an varye ant 40mil a 50 mil depan de state ou ye a. ??Radiologist Se moun ki nan laboratwa yo ki fè ezamen MRI, XRAY etcc pou ou. ??Salè an varye and 40 a 50 mil depan de state wap viv la. #fèrezotaj #reyenvante2024 #ribrikpataj #Konekte

    • 该图片无替代文字
  • 查看Konekte??的公司主页,图片

    4,366 位关注者

    ??Bous Detid???? Si w ap viv Haiti, ou vle al fon etid nan Master oswa Lisans. Ou ka aplike konya menm pou ARES. ??Ares ki chita nan peyi Beljik, lanse enskripsyon pou ane 2025-2026 la. Si w gen yon diplòm segondè oswa lisans, ou gen yon esperyans pwofesyonèl omwen 2 lane. Ou ka pran chans ou. ??Pou ka gen plis detay e swiv pwosesis pou aplike, klike sou lyen sa?????? https://lnkd.in/ej_TgBTG ??Dat limit : 18 oktòb 2024 #fèrezotaj #reyenvante2024 #ribrikpataj #Konekte

    • 该图片无替代文字
  • 查看Konekte??的公司主页,图片

    4,366 位关注者

    Si w ap chache travay sitou si wap viv nan peyi etrange. Apre w fin byen redige CV ou, Men kèk aplikasyon m konseye w telechage sou telefònn ou kap vrèman ede ou nan rechèch yo ak nan kèk bagay pèsonèl ou tou: -Monster: aplikasyon sa ap ede w jwenn travay nan domènn ou vle a, epi w ka pèsonalizel tou. Konsa tou ou ka aktive yon alèt pou yo notifye w de nouvo job yo. -Indeed: se youn nan aplikasyon ki vrèman pwisan nan koze travay, ou ka pèsonalize l menm jan ak Monster. (3/4job mwen pa bò isi, se sou li mwen jwenn yo). -Linkedin: se yon rezo ki trè pwofesyonèl e ki chage opòtinite travay sou li tou. -Glassdoor: Se yon aplikasyon ki pèmèt ou li reviews anplwaye yo sou konpayi a, e ki ka edew byen prepare interview a. -Jobscan: li pèmèt ou byen pèsonalize CV ou ak lèt motivasyon an(sa nou rele cover letter a) pa rapò ak deskripsyon travay la. -JobHero: Li edew klase tout CV ou yo, tout lèt motivasyon ou yo nan yon sèl espas. Ou pap bezwen nan pèdi tan ap chache CV ou a chak fwa wap postile nan yon job. -Pocket resume: aplikasyon sa chage modèl CV, li ka ede ou oswa ba ou yon ide de modèl CV ou vle a byen rapid. -Zoom/Skype: Anpil konpayi konya mete opsyon entèvyou an linn lan olye yo fè w deplase. Non sèlman aplikasyon sa yo ap ede w, e yap itil ou tou pou kèk fòmasyon a distans. -Grammarly: Aplikasyon sa ap ede w anpil nan fot òtograf yo lè w ap prepare CV ou oswa lèt motivasyon ou. -Camcard: Aplikasyon sa ede w stoke tout kat vizit oswa pwofesyonèl ou resevwa. Lè w ale nan entèvyou oswa yon moun baw kat li nan yon aktivite kelkonk, ou ka jis skane yo e mete yo yon sèl kote sou telefònn ou.( ou pa oblige ap ranpli bous ou ak yo). -Google Calendrier: ou ka jere dat tout entèvyou ou nan li, mete rapèl pou w pa rate pyès randevou enpòtan. Bonis: Skillshare: Aplikasyon sa chage kou sou li nan diferan domènn ki ka edew devlope konpetans pwofesyonèl ou. Kou yo fèt an linn e pifò nan yo gratis. Pandan wap monte desann chak jou nan chache travay, pa bliye telefònn entelijan ki nan men w lan ka edew tou e li se yon bon zouti. #reyenvante2024 #ribrikpataj #Konekte

    • 该图片无替代文字
  • 查看Konekte??的公司主页,图片

    4,366 位关注者

    Men kèk erè pou evite fè nan CV/rezime ou lè w ap fè l, kèk bagay ki pa enpòtan pou w mete nan li: ??Foto ou: li pa enpòtan pou ajoute foto ou nan CV ou. Siw deside ajoute yon foto, mete yon foto pwofesyonèl. ??Twòp enfòmasyon pèsonèl ou: Apre ou fin mete kek enfòmasyon pèsonèl nan CV ou tankou email ou, telefònn ou etcc. Evite mete lòt enfo pèsonèl ou tankou relijyon ou, oryantasyon seksyèl ou, estati matrimonyal ou. Adres konplè ou( siw vle mete adrès ou, mete vil la ak eta a sèlman). ??Salè ou: Evite mansyone sa yo nan CV ou , konbyen kòb ou vle touche, sa yo se bagay ki ka diskite nan interview a. ??Mete aksan sou diplòm ou genyen ki pi elve a, oswa sou fòmasyon pwofesyonèl ou genyen ki pi pètinan yo. Si w gen yon nivo Master/ Lisans mete yo pito olyew mete etid Reto/Filo ou yo. ??Itilize yon adress imèl ki senp e ki parèt pwofesyonèl tou. Ezanp: siw rele Jean Joseph; ou ka jis kreye yon imèl ak li. Olye ou mete tijean oswa tijoseph, nom ki pa parèt pwofesyonèl. ??evite mete Enfòmasyon konfidansyèl ou tankou nimewo sekirite sosyal ou, Allien number ou oswa enfòmasyon de kont bank ou. (Enfòmasyon sa yo depi yo fin rekritew, se yo menm kap mandew yo nan pwosesis onboarding lan). ??Evite bay manti nan Cv ou sou ansyen travay ou, sou konpetans ou, sou etid ou menm si w patap viv nan peyi a. Pa bliye rekritè a gen posiblite pou verifye enfòmasyon sa yo, e sa ka afekte karyè ou si tout fwa li dekouvri se manti yo te ye. ??Evite fot gramè ak fot òtograf nan CV ou, relil plizyè fwa e mande yon moun korigel pou ou sil posib. A chak fwa CV ou chage fot, ou pwouve rekritè a ou manke bay atansyon a ti detay. Pa bliye nenpòt travay wap aplike, wap bezwen li. E plis CV ou byen redije, se plis chans ou ogmante pou jwenn travay la. ??Di nou nan kòmantè ki pwoblèm ou genyen ak CV ou?? #ribrikpataj #reyenvante2024 #Konekte

    • 该图片无替代文字

相似主页